Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
13
1 Sa se twazyèm fwa m ap vin kote nou. [~1~]“Chak sa ki fèt dwe konfime pa temwayaj a de oubyen twa temwen.” 2 Mwen te di nou oparavan lè m te la nan dezyèm fwa a, e byenke m pa la koulye a, mwen di davans a sila yo ki te peche nan tan pase yo e a tout rès moun yo tou, ke si m vini ankò, mwen p ap [~2~]epagne pèsòn. 3 Paske se konsa nou ap chache prèv a Kris ki pale nan mwen an, e ki pa fèb anvè nou an, men [~3~]byen pwisan nan nou. 4 Paske malgre Li te [~4~]krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de [~5~]pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.

5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. [~6~]Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.

7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve. 8 Paske nou pa kapab fè anyen kont verite a, men sèlman pou verite a. 9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab [~7~]vin konplè. 10 Pou rezon sa a, mwen ap ekri bagay sa yo pandan mwen pa la a, jis pou lè m la, mwen p ap bezwen [~8~]itilize severite mwen, selon otorite ke Senyè a te ban mwen pou bati e pa pou detwi.

11 Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte [~9~]vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou. 12 [~10~]Salye youn lòt avèk yon beze ki sen.

13 [~11~]Tout sen yo salye nou.

14 Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak [~12~]dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

<- II Korentyen Yo 12