7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée [~5~]pou enstwi nan vil a Juda yo; 8 epi avèk yo [~6~]Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 9 [~7~]Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10 Alò, [~8~]lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat. 11 Kèk nan Filisten yo te [~9~]pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit. 12 Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 13 Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo. 14 Men kontwòl selon lakay a papa zansèt yo: nan Juda, chèf a dè milye yo, Adna, chèf la avèk twa-san-mil mesye plen kouraj; 15 epi akote li, Jochanan, chèf la, avèk de-san-katre-ven-mil mesye plen kouraj; 16 epi akote li, Amasia, fis a Zicri a, ki te konsakre volontèman a SENYÈ a, avèk de-san-mil mesye plen kouraj. 17 Pou Benjamin: Éliada, yon nonm plen kouraj, avèk de-san-mil mesye lame avèk banza ak boukliye defans, 18 epi akote li, Zozobad, avèk san-katreven-mil mesye pou fè lagè. 19 Se te sila ki te nan sèvis wa yo, yo pa menm konte [~10~]sila ke wa a te pozisyone nan tout vil fòtifye pami tout Juda yo.
<- II Kwonik Yo 16II Kwonik Yo 18 ->