Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Tout sila ki [~1~]anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. 2 Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se [~2~]frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.

3 Si yon moun [~3~]ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, 4 li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo [~4~]ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, 5 diskisyon san rete antre[~5~]moun ak panse konwonpi e san verite, ki [~6~]sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.

6 Men vi sentete a vrèman gen [~7~]anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske [~8~]nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.

8 Si nou [~9~]genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.

9 [~10~]Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske [~11~]lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan [~12~]vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

11 Men [~13~]kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 [~14~]Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 13 [~15~]Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te [~16~]temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska [~17~]aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan [~18~]tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 16 [~19~]Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

17 Enstwi sila ki [~20~]rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye [~21~]ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan [~22~]bon zèv, pou [~23~]renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou [~24~]ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab [~25~]kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.

20 O Timothée, gade byen [~26~]sa ki konfye a ou menm nan, e [~27~]evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin [~28~]egare kite lafwa.

Ke lagras avèk nou. Amen.

<- I Timothée 5