1 Men [~1~]Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin [~2~]make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke [~3~]Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li [~4~]resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen [~5~]pawòl Bondye a ak lapriyè.
6 Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou [~6~]deja ap swiv yo. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.
9 [~10~]Sa se yon vrè Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. 10 Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse [~11~]esperans nou sou Bondye vivan an, ki se [~12~]Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo.
11 [~13~]Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit [~14~]lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm [~15~]yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a [~16~]li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk [~17~]men Ansyen ki te poze sou ou [~18~]yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 [~19~]Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
<- I Timothée 3I Timothée 5 ->