1 Alò, konsènan [~1~]tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke [~2~]jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò [~3~]destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou [~4~]doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan [~5~]tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se [~6~]fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa [~7~]dòmi tankou [~8~]lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo [~9~]vin sou lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou [~10~]pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm [~11~]kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a [~12~]lakòlè, men pou nou vin [~13~]gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 [~14~]Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e [~15~]remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
12 Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila [~16~]ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki [~17~]responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. 13 Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo.
14 Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san [~19~]prensip yo, ankouraje [~20~]sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. 15 Veye pou [~21~]pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun.
16 [~22~]Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay [~23~]bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
19 [~24~]Pa etenn Lespri Sen an. 20 Pa meprize [~25~]pawòl pwofetik yo. 21 Men [~26~]byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an 22 e evite tout kalite mal.
23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke [~27~]lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt [~28~]san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.
24 [~29~]Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
25 Frè m yo [~30~]priye pou nou.
26 [~31~]Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bay ou lòd nan non Senyè a pou [~32~]fè lèt sa a li bay tout frè yo.
28 Ke [~33~]lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.
<- I Tesalonisyen Yo 4