Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe [~1~]mache pou [~2~]fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. 2 Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.

3 Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,[~3~]pa fè imoralite seksyèl, 4 ke [~4~]chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, 5 pa nan [~5~]pasyon lanvi lachè, tankou payen ki [~6~]pa konnen Bondye yo; 6 epi pou pèsòn pa transgrese e [~7~]vòlè frè l nan bagay sila, paske [~8~]Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.

7 Paske Bondye pa t rele nou [~9~]pou fè salte, men nan sanktifikasyon. 8 Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki [~10~]bannou Lespri Sen Li an.

9 Alò, jan pou [~11~]lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te [~12~]enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman [~13~]nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e [~14~]travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab [~15~]konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e [~16~]pou nou pa manke anyen.

13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen [~17~]okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, [~18~]menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou [~19~]nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska [~20~]vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk [~21~]twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi [~22~]nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

<- I Tesalonisyen Yo 3I Tesalonisyen Yo 5 ->