Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

I TESALONISYEN YO

1 [~1~]Paul, [~2~]Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.

2 [~3~]Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv [~4~]lanmou nou yo; jan nou te [~5~]kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. 4 Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa [~6~]Li menm de nou an. 5 Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi [~7~]nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.

6 Nou osi te devni [~8~]imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk [~9~]lajwa Lespri Sen an. 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan [~10~]Macédoine ak nan Achaïe yo. 8 Paske [~11~]pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.

9 Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou [~12~]te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou [~13~]tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki [~14~]delivre nou anba kòlè k ap vini an.

I Tesalonisyen Yo 2 ->