1 Alò, Filisten yo te pran lach Bondye a e yo te mennen li soti Ében-Ézer pou rive [~1~]Asdod. 2 Filisten yo te pran lach Bondye a, yo te mennen li [~2~]lakay Dagon e yo te poze li akote Dagon. 3 Lè Asdodyen yo te leve granmmaten an, veye byen, [~3~]Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, yo pran Dagon e mete li nan plas li ankò. 4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, [~4~]Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li. 5 Akoz sa, ni prèt Dagon yo ni tout moun ki antre lakay Dagon nan Asdod jis rive jodi a, pa janm [~5~]foule pye yo nan papòt Dagon an. 6 Alò [~6~]men SENYÈ a te lou sou Asdodyen yo. Li te fè yo vin dezole e te frape yo avèk gwo boul bouton, ni Asdod, ni teritwa li yo.
7 Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.” 8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?”