7 Lè mesye Israël ki te lòtbò vale a avèk sila ki te lòtbò Jourdain an, te wè ke mesye Israël yo te sove ale e ke Saül avèk fis li yo te mouri, yo te abandone vil yo e te sove ale. Konsa, Filisten yo te vin viv ladan yo. 8 Li te vin rive nan pwochen jou a, lè Filisten yo te vini pou depouye mò yo, ke yo te twouve Saül avèk twa fis li yo tonbe sou Mòn Guilboa. 9 Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive [~5~]lakay zidòl pa yo ak pèp yo a. 10 Yo te mete zam li yo nan tanp [~6~]Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan. 11 Alò, lè moun ki te rete Jabès yo te tande sa ke Filisten yo te fè a Saül, 12 [~7~]tout mesye vanyan yo te leve mache tout nwit lan pou te pran kò Saül la avèk kò a fis pa li yo soti nan miray Beth-Schan lan. Lè yo te rive Jabès yo te brile yo la. 13 Yo te pran zo yo e te [~8~]antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.
<- I Samuel 30