6 Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak [~5~]Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?”
9 Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske [~6~]se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?” 10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa [~7~]li va tonbe nan batay e peri. 11 [~8~]SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz [~9~]yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo. 13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo. 14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a. 16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, [~10~] fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: [~11~]“Èske se vwa ou, fis mwen, David?”
21 Alò Saül te di: [~16~]“Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l. 23 [~17~]SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a. 24 Gade byen, jan lavi ou te gen [~18~]gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta [~19~]delivre mwen nan tout twoub.”
25 Epi Saül te di a David: [~20~]“Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.”