4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan [~4~]Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo. 5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a. 6 Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske [~5~]nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.
7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan [~6~]Havila pou rive [~7~]Schur, ki te bò lès a Égypte la. 8 Li te kaptire vivan [~8~]Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe. 9 Men Saül avèk pèp la te [~9~]lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.
10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di: 11 [~10~]“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske [~11~]li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan [~12~]Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”
13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.”
14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?”
15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske [~13~]pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”
16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.”
17 Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke [~14~] malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: [~15~]‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’ 19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; [~16~]men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
20 Alò Saül te di a Samuel: [~17~]“Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. 21 Men [~18~]pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
22 Samuel te di: [~19~]“Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche [~20~]divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
24 Alò, Saül te di a Samuel: [~21~]“Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, [~22~]souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske [~23~]ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.” 27 Lè Samuel te vire pou l sòti, [~24~]Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire. 28 Epi Samuel te di li: [~25~]“SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou. 29 Anplis, Glwa Israël La [~26~]p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”
30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, [~27~]pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”
31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a. 32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.”
33 Men Samuel te di: [~28~]“Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.
34 Samuel te ale [~29~]Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li. 35 [~30~]Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.
<- I Samuel 14I Samuel 16 ->