4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen [~6~]nan men m nan.”
8 [~9~]“Lè Jacob te antre an Égypte, zansèt nou yo te kriye fò a SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te voye Moïse avèk Aaron ki te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e Li te fè yo vin rete nan plas sa a. 9 Men [~10~]yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a, e pou sa, Li te vann yo nan men Sisera, kapitèn a lame Hatsor a, nan men a Filisten yo, nan men wa Moab la, e yo te goumen kont yo. 10 [~11~]Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’ 11 Alò apre, SENYÈ a te voye [~12~]Jerubbaal avèk Bedan, [~13~]Jephthé ak Samuel pou te delivre nou nan men a lènmi nou yo toupatou, pou nou viv ansekirite.
12 “Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, [~14~]malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou. 13 Alò pou sa, [~15~]men wa ke nou te mande a. Epi gade byen, SENYÈ a te mete yon wa sou nou. 14 [~16~]Si nou va gen lakrent SENYÈ a, sèvi Li, koute vwa Li, e pa fè rebèl kont lòd SENYÈ a; alò, ni nou, ni wa ki renye sou nou an va swiv SENYÈ Bondye nou an. 15 Si nou pa koute vwa SENYÈ a, men fè rebèl kont lòd SENYÈ a, alò [~17~]men a SENYÈ a va kont nou, [~18~]jan li te ye kont zansèt nou yo.
16 “Menm koulye a, [~19~] kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. 17 [~20~]Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”
18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi [~21~]tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.
19 Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, [~22~]mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”
20 Samuel te di a pèp la: “Pa pè Nou te fè tout mechanste sa a. Men [~23~]pa vire akote pou pa swiv SENYÈ a, men sèvi SENYÈ a avèk tout kè nou. 21 Fòk nou pa vire akote. Paske konsa, nou ta swiv bagay san valè ki pa kab fè benefis ni delivre, paske yo san valè. 22 Paske SENYÈ a p ap abandone pèp Li a akoz gran non Li, paske sa te fè SENYÈ a plezi pou fè nou yon pèp ki te pou Li menm. 23 Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men [~24~]mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la. 24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile [~25~]ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou. 25 [~26~]Men si nou toujou fè mal, ni nou menm ni wa nou an [~27~]va peri.”
<- I Samuel 11I Samuel 13 ->