2 Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.”
3 [~2~]Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan teritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” 4 Alò mesaje yo te vini [~3~] Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.
5 Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an [~4~]dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. 6 Konsa [~5~]Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. 7 Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te [~6~]koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan teritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. 8 Li te konte yo nan Bézek e [~7~]fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. 9 Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabés-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’ ” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabés yo; epi yo te kontan. 10 Alò, mesye a Jabés yo te di: [~8~]“Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” 11 Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la [~9~]an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.
12 Alò, pèp la te di a Samuel: [~10~]“Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ [~11~]Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”
13 Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske [~12~]jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”
14 Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou [~13~]renouvle wayòm nan la.” 15 Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa [~14~]devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te [~15~]ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.
<- I Samuel 10I Samuel 12 ->