3 Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte [~4~]vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa moso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. 4 Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de moso pen, ke ou va aksepte nan men yo.
5 Apre, ou va vini nan [~5~]ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. 6 Epi [~6~]Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7 [~7~]Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.
8 “Epi [~8~]ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.” 9 Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te [~9~]chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. 10 [~10~]Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. 11 Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? [~11~]Èske Saül osi pami pwofèt yo?”
12 Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: [~12~]“Èske Saül, osi pami pwofèt yo?” 13 Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.
14 Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?”
15 Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”
16 Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.
17 Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa. [~14~] 18 Li te di a fis Israël yo: [~15~]“Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’ 19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”[~16~]
20 Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. 21 Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. 22 Pou sa, yo [~17~]vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?”
23 Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, [~18~]li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. 24 Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke [~19~]SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.”
25 Alò, Samuel te pale pèp la [~20~]règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. 26 Anplis Saül te ale [~21~]lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li. 27 Men sèten [~22~]sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.
<- I Samuel 9I Samuel 11 ->