PREMYE LÈT PIERRE
1 Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a [~1~]letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila [~2~]ki chwazi davans yo, 2 selon konesans [~3~]davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, [~4~]pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki [~5~]selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa [~6~]rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon [~7~]eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki [~8~]pwoteje pa pwisans Bondye a [~9~]pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 [~10~]Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a [~11~]pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, [~12~]pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi [~13~]malgre nou poko wè Li, nou [~14~]renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè [~15~]kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
10 [~16~]Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè [~17~]Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa [~18~]Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
13 Konsa [~19~]prepare panse nou pou nou kab aji; [~20~] rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan [~21~]pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an [~22~]se pou nou vin sen, osi [~23~]nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: [~24~]“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17 Si nou [~25~]adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t [~26~]rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan [~27~]mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk [~28~]san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te [~29~]deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm [~30~]kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin [~31~]pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te [~32~]ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
24 Paske: