3 Epi Élie te vin pè, e li te leve kouri pou sove lavi li. Li te rive nan [~3~]Beer-Schéba, ki pou Juda a, e li te kite sèvitè li a la. 4 Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, [~4~]li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”
5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen [~5~]yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive [~6~]Horeb, mòn Bondye a. 9 Alò, li te rive la nan yon kav e li te rete ladann. Epi vwala, pawòl Bondye a te vini sou li, e Li te di li: “Kisa w ap fè isit la, Élie?”
10 Li te di: [~7~]“Mwen te tèlman ranpli avèk zèl pou SENYÈ a, Bondye dèzame yo, pwiske fis Israël yo te abandone akò Ou a, [~8~]yo te dechire lotèl Ou yo, e te touye pwofèt Ou yo avèk nepe. Epi se mwen sèl ki rete, e y ap chache lavi m pou pran l.”
11 Pou sa, Li te di: [~9~]“Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.”
15 SENYÈ a te di li: “Ale, retounen sou chemen ou vè dezè Damas la, e lè ou fin rive, [~13~]ou va onksyone Hazaël wa sou Syrie; 16 epi [~14~]Jéhu, fis Nimschi a, ou va onksyone wa sou Israël; epi Élisée, fis a Schaphath a nan Abel-Mehola a, ou va onksyone li kòm pwofèt nan plas ou. 17 Li va vin rive ke [~15~]sila ki chape anba nepe Hazaël la, Jéhu [~16~]va mete l a lanmò e sila ki chape anba nepe a Jéhu a, Élisée va mete l a lanmò. 18 [~17~]Sepandan, Mwen va kite sèt-mil an Israël, tout jenou ki pa t bese a Baal e tout bouch ki pa t konn bo li.”
19 Konsa, li te kite la e te twouve Élisée, fis a Schaphath la, pandan li t ap raboure avèk douz pè bèf devan li, li menm avèk douzyèm nan. Epi Élie te pase bò kote li e te jete [~18~]manto li sou li. 20 Li te kite bèf yo e te kouri dèyè Élie. Li te di: “Souple, [~19~]kite m bo papa m avèk manman m e mwen va swiv ou.” Epi li te di li: