4 Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay [~4~]Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. 5 Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, [~5~]l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”
6 Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. 7 Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: [~6~]“Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, 8 e akoz Mwen te [~7~]chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. 9 Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou [~8~]te fè pou ou menm lòt dye avèk [~9~]imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— 10 Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va [~10~]koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11 [~11~]Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.” ’ 12 Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. [~12~]Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. 13 Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, [~13~]yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. 14 Anplis, [~14~]SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! 15 Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi [~15~]Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li [~16~]va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. 16 Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”
17 Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. [~17~]Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18 [~18~]Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.
19 Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, [~19~]jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. 20 Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a.
21 [~20~]Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. 22 [~21~]Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te [~22~]pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. 23 Paske yo tou te bati pou yo menm [~23~]wo plas yo, [~24~]pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. 24 Te gen osi [~25~]gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo.
25 [~26~]Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. 26 Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, [~27~]menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. 27 Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. 28 Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo.
29 [~28~]Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 30 [~29~]Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. 31 Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. [~30~]Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.
<- I Wa 13I Wa 15 ->