1 Gade [~1~]ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele [~2~]ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke [~3~]lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va [~4~]wè Li menm jan ke Li ye. 3 Epi tout moun ki gen [~5~]espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. [~6~]Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab [~7~]retire peche yo, epi [~8~]nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li [~9~]pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Ti moun yo, pa kite pèsòn [~10~]tronpe nou. [~11~]Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. 8 Men sila ki pratike peche se [~12~]a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis la a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv yo a dyab la.
9 Nanpwen pèsòn ki [~13~]ne a Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Selon sa [~14~]pitit yo a Bondye, ak pitit yo a dyab la se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa a Bondye, ni sila ki pa renmen [~15~]frè li.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a [~16~]ke nou dwe renmen yon a lòt. 12 Pa kon [~17~]Caïn, ki te apatyen a [~18~]mechan la, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13 Pa etonnen, frè yo, si [~19~]lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou [~20~]kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt ki [~21~]rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lamou; ke [~22~]Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men [~23~]nenpòt ki gen byen yo a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi [~24~]sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan [~25~]verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou se [~26~]nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen [~27~]konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou [~28~]kenbe kòmandman Li yo, epi fè [~29~]bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou [~30~]kwè nan [~31~]non lan a Fis Li, Jésus Kri, epi renmen yon ak lòt, kon Li te kòmande nou.
24 Sila a ki [~32~]kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke [~33~]Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
<- I Jean 2I Jean 4 ->