Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

I JEAN

1 Sa ki te ye [~1~]depi kòmansman a, sa ke nou te tande, sa ke nou [~2~]te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a; 2 epi [~3~]lavi te vin parèt pou l vizib e nou te wè l, epi tande l, epi pwoklame a nou menm [~4~]lavi etènèl la, ki te avèk Papa la, epi te fè parèt byen klè a nou.

3 Sa ke nou te wè epi [~5~]tande, nou pwoklame a nou menm osi ke nou kapab genyen [~6~]kominyon avèk nou. Konsa vrèman, kominyon nou se avèk Papa a, epi avèk Fis Li, Jésus Kri. 4 Epi [~7~]bagay sa yo nou ekri, pou [~8~]lajwa nou kapab vin konplèt.

5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke [~9~]Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

6 [~10~]Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou [~11~]manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou [~12~]mache nan limyè la, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san la a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.[~13~]

8 [~14~]Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi [~15~]laverite a pa nan nou. 9 [~16~]Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou a tout mal.

10 Epi [~17~]si nou di ke nou pa peche, nou [~18~]fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

I Jean 2 ->