1 Alò, konsènan [~1~]bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou [~2~]bay bon konprann. 2 [~3~]Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko [~4~]konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, [~5~]Bondye konnen li.
4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke [~6~]pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi [~7~]genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye [~8~]Papa a. [~9~]De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men [~10~]kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8 Men se pa[~11~]manje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men [~12~]fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje [~13~]bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb [~14~]vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 [~15~]Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, [~16~]si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
<- 1 Korentyen 71 Korentyen 9 ->