1 KORENTYEN YO
1 Paul, aple kon apot Jésus Kri pa volonte Bondye a, ak Sosthène, frè nou, 2 A legliz Bondye ki nan vil Corinthe lan, a sila ki gen tan sanktifye nan Jésus Kri yo, sen [~1~]pa apèl Bondye yo, avèk tout sila yo nan tout kote ki rele non Senyè nou an, Jésus Kri; Senyè pa yo e pa nou. 3 [~2~]Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.
4 [~3~]Mwen remèsye Bondye mwen an tout tan, o sijè de nou menm, pou lagras Bondye te bannou nan Jésus Kri a. 5 Ke nan tout bagay nou te anrichi nan Li, nan tout pawòl ak tout konesans, 6 menm pandan temwayaj konsènan Kris la te [~4~]konfime nan nou, 7 jis pou nou pa manke nan okenn don, e [~5~]tann avèk enpasyans revelasyon a Senyè nou an, Jésus Kri, 8 [~6~]ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri. 9 [~7~]Bondye fidèl, selon Sila nou te rele nan amitye fratènèl avèk Fis Li a, Jésus Kri, Senyè nou an.
10 Koulye a, mwen egzòte nou, frè yo, pa non a Senyè nou an, Jésus Kri, pou nou tout vin antann nou, pou pa gen [~8~]divizyon pami nou, men pou nou vin konplè nan [~9~]menm panse ak nan menm jijman. 11 Paske mwen enfòme o sijè de nou menm, frè m yo, pa moun Chloé yo, ke gen konfli pami nou. 12 Alò, men kisa m ap di. [~10~]Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun [~11~]Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin [~12~]batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t [~13~]batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout [~14~]fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 [~15~]Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la [~16~]pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile. 18 Paske pawòl lakwa a se foli pou [~17~]sila k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove yo, se pwisans a Bondye. 19 Paske sa ekri:
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a [~19~]laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak [~20~]sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite [~21~]Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche [~22~]Kris krisifye a, pou [~23~]Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se [~24~]pwisans a Bondye, ak [~25~]sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e [~26~]feblès Bondye a pi fò ke lòm.
26 Paske konsidere apèl nou an, frè yo, ke [~27~]pa t gen anpil moun ki te saj selon lachè, ni anpil moun ki te fò, ni anpil moun nòb. 27 Men Bondye te chwazi [~28~]foli a mond lan pou fè saj yo wont, e Bondye te chwazi bagay fèb a mond lan pou fè bagay ki pwisan yo vin piti. 28 Konsa, Bondye chwazi bagay ki ba e meprize nan mond lan, [~29~]bagay ki pa anyen, pou li kapab anile bagay ki egziste deja yo, 29 pou fè [~30~]pèsòn pa kapab vante tèt yo devan Bondye. 30 Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou [~31~]sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak [~32~]jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon. 31 Konsa, jan sa ekri a: “Kite sila ki vante tèt li a, vante tèt li nan SENYÈ a.”
1 Korentyen 2 ->