6 Answit [~4~]chèf lakay zansèt yo, chèf a tribi Israël yo e kòmandan a dè milye e a dè santèn yo, avèk [~5~]sipèvizè sou travay a wa a, te bay ofrann avèk bòn volonte; 7 epi pou sèvis lakay Bondye a, yo te bay senk-mil talan avèk di-mil [~6~]kilo an lò, di mil talan ajan, di-zui-mil talan bwonz ak san-mil-talan an fè. 8 Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a [~7~]Jehiel, Gèshonit lan. 9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a [~8~]avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
10 Konsa, David te beni SENYÈ a devan zye a tout asanble a. David te di: “Beni se Ou menm, O SENYÈ a, Bondye Israël la, papa nou, jis pou tout tan e tout tan. 11 [~9~]A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 [~10~]Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. [~11~]Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs. 13 Koulye a, pou sa, Bondye nou an, nou remèsye Ou, e bay glwa a non Ou ki plen ak glwa a. 14 Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W. 15 Paske [~12~]nou se vwayajè devan Ou, lokatè, tankou tout zansèt nou yo te ye. Jou nou sou latè a se tankou lonbraj e nanpwen espwa. 16 O SENYÈ a, Bondye pa nou an, tout abondans sa ke nou te founi pou bati yon kay pou non sen pa Ou, soti nan men Ou, e tout se pou Ou. 17 Mwen konnen tou, O Bondye mwen an, ke [~13~]Ou fè sonde tout kè, e [~14~]pran plezi nan ladwati. Pou mwen menm, ak yon kè entèg, mwen te ofri avèk bòn volonte tout sila yo. Epi koulye a, avèk jwa, mwen gen tan wè pèp Ou a, ki prezan isit la, pou fè sakrifis ak bòn volonte a Ou menm. 18 O SENYÈ, Bondye a Abraham nan, Issac avèk Israël, papa zansèt pa nou yo, sere sa jis pou tout tan nan entansyon kè a pèp Ou a, e dirije kè yo vè Ou menm. 19 Anplis, [~15~]bay a fis mwen an, Salomon, yon kè entèg pou kenbe tout kòmandman Ou yo, temwayaj Ou yo ak règleman Ou yo, pou fè tout sa, pou bati tanp lan, pou sila mwen te fè pwovizyon an.”
20 Konsa, David te di a tout asanble a: “Koulye a, beni SENYÈ a, Bondye nou an.”
23 Apre, [~20~]Salomon te chita sou twòn SENYÈ a kon wa olye David, papa li. Li te byen reyisi, e tout Israël te obeyi a li menm. 24 Tout ofisye yo, mesye pwisan yo e anplis, tout fis a Wa David yo, te sèmante fidelite a Wa Salomon. 25 SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te [~21~]bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
26 Alò [~22~]David, fis a Jesse a te renye sou tout Israël. 27 [~23~]Fòs tan ke li te renye sou Israël la se te karantan; li te renye Hébron pandan setan e Jérusalem pandan trann-twazan. 28 Epi li te mouri a [~24~]yon gwo laj, trè avanse plen avèk jou, richès, avèk onè. Epi fis li a, Salomon te renye nan plas li. 29 Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a [~25~]Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a [~26~]Gad yo, vwayan a, 30 avèk tout règn li, pouvwa li ak sikonstans ki te rive sou li yo, sou Israël ak sou tout wayòm a peyi yo.
<- Kwonik Yo 28