12 Se nan divizyon a gadyen pòtay sila yo, mesye chèf yo te bay responsabilite kon fanmi pa yo pou fè sèvis lakay SENYÈ a. 13 [~1~]Yo te tire yo osò, piti kon gran, selon lakay zansèt pa yo pou chak pòtay. 14 Tiraj osò ki tonbe pou lès la te devni pou Schélémia. Alò, yo te tire osò pou fis li a, Zacharie, yon konseye avèk bon konprann e tiraj osò li a te sòti nan nò. 15 Pou Obed-Édom li te tonbe vè sid e a fis li yo, te ale chanm depo yo. 16 Pou Schuppm avèk Hosa, li te tonbe kote lwès, akote pòt Schalléketh la, vè chemen monte a. Yo te pozisyone gad anfas gad. 17 Sou lès la, te gen sis Levit; nan nò a, kat chak jou e nan chanm depo yo, de pa de yon kote apa. 18 Nan cham bati sou kote lwès la, te gen kat sou gran chemen an e de nan cham nan a menm. 19 Sila yo se te divizyon a gadyen pòtay a fis a Kore yo avèk fis a Merari yo.
20 Levit yo avèk fanmi pa yo te gen [~2~]chaj sou trezò lakay Bondye a ak trezò a don konsakre yo. 21 Fis a Laedan yo, fis a Gèshonit yo, ki apatyen a Laedan, chèf lakay zansèt pa yo ki te rele Jehiéli, te tèt lakay zansèt pa yo ki te pou Laedan, Gèshonit lan. 22 Fis a Jehiéli yo, Zetham avèk Joël, frè li a, ki te an chaj trezò lakay SENYÈ a. 23 Pou Amramit yo, Jitsearit yo, Ebwonit avèk Izyelit yo, 24 Schebuel, fis a Guerschom an, fis a Moïse la te ofisye sou trezò yo. 25 Fanmi li pa Éliézer te Rechabia, fis li a, Ésaïe, fis li a, Joram, fis li a, Zicri, fis li a ak Schelomith, fis li a. 26 Schelomith sila avèk fanmi li te gen chaj sou tout trezò a don konsakre [~3~]ke Wa David avèk chèf lakay zansèt yo, kòmandan a dè milye, a dè santèn e kòmandan lame yo te dedye. 27 Yo te dedye yon pati nan piyaj ki te sezi nan gè yo pou repare lakay SENYÈ a. 28 Epi tout sa ke Samuel, konseye a, te dedye e Saül, fis a Kis la, pa Abner, fis a Ner a, pa Joab, fis a Tseruja a, tout moun ki te dedye bagay anba jerans a Schelomith lan avèk fanmi pa li.
29 Pou Jitsearit yo, Kenania avèk frè pa li yo, yo [~4~]te anplwaye pou zafè andeyò kon [~5~]majistra ak jij an Israël. 30 Pou Ebwonit yo, [~6~]Haschavbia avèk fanmi li, mil-sèt-san mesye ak kapasite, ki te an chaj tout zafè Israël yo nan lwès a Jourdain an, pou tout sèvis SENYÈ a ak sèvis wa a. 31 Pou Ebwonit yo, Jerija, chèf la, (Ebwonit sila yo te envestige selon listwa fanmi avèk zansèt pa yo, nan karantyèm ane nan règn David la e mesye ak kapasite siperyè yo te twouve pami yo kote Jaezer nan Galaad). 32 Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé [~7~]pou tout zafè Bondye avèk wa a.
<- Kwonik Yo 25Kwonik Yo 27 ->